Bienvenue!

Nou souvan tande moun ap di Ayibobo, nou petèt ap mande tèt nou kisa mo sa vle di ?

Ayibobo se yon mo nan kilti ayisyèn nan ki mete fen ak yon demann, priyè nan seremoni vodou, yon meditasyon espirityèl oubyen yon chante.Li gen menm siyifikasyon ak amen pou kretyen yo, nan langaj pa yo, pou yo onore, louwe kreyatè yo

Menm jan yon kretyen kapab di Amèn, oubyen Alelouya, se menm jan tou pou vodwizan pou li bay lonè ak lespri ginen yo li pwononse mo sa pou mete yon fen.

Sa rive pou jwenn moun itilize li pou salitasyon men se pa vrè sens li, li pi apwopriye pou itilize Lizay pou salitasyon.

Eske w te toujou konnen Ayibobo gen menm sens ak amen nan kilti ayisyen an, nan vodou?

De la même catégorie