Nan tout sosyete, gen moun ki leve ak valè tankou lwayote, respè, ak onètete. Men, reyalite a montre gen lòt tou ki pa bay prensip sa yo okenn sans. Se tankou yo bliye kijan lavi pi senp lè ou mache dwat. Se pou sa, jodi a, nou lanse yon apèl klè : pa manyen sa ki pa pou ou.
Lè ou vòlè, ou pa sèlman pran yon bagay materyèl ou kraze konfyans, ou sal non fanmi w, ou mete tèt ou nan yon pozisyon kote ou vin san valè. E sa ki pi grav la? Sa ou fè a ka tounen kont pitit ou, pitit pitit ou, e menm fanmi w an jeneral. Paske vòl pa janm fini byen.
Ou se jèn, ou gen lavni devan ou. Pa kite lanvi viv tankou lòt moun fè w bliye kilès ou ye. Pa kite presyon lavi fè w mete men kote ou pa ta dwe. Jwenn tan pou reflechi, pran rekil, chita ak tèt ou, epi chwazi mache ak diyite.
Wi, ou ka fè sa ou vle nan lavi men chak aksyon pote konsekans.
W ap toujou lib pou aji, men ou pap janm lib devan konsekans yo.
Se pa ti kòb oswa ti avantaj ki ta dwe fè w lage tèt ou nan move zak. Chwazi wout onètete a, paske li toujou mennen pi lwen, menm si li pi long.
Kenbe valè ou. Sonje : sa ki pa pou ou, pa manyen li.
















