Bienvenue!

Ou gen dwa di non : tout moun pa ka zanmi w

Nan lavi, gen desizyon nou pran ki ka chanje tout trajè nou. Gen fwa se pa move chwa ki detwi nou, men se move moun nou kite rantre nan vi nou. Se poutèt sa, youn nan pi gwo efò ou ka fè pou pwoteje tèt ou, se aprann mete limit. Pa tout moun ki merite ou, pa tout moun ki ka zanmi w.

Nou pa di ou dwe viv poukont ou, ni w dwe fè lènmi ak tout moun. Men fòk ou aprann chwazi. Fòk ou aprann seleksyone moun ou bay konfyans ou, moun ou mete nan vi w, moun ou kite konnen tout detay sou ou. Paske gen moun, se pa pou konstwi yo rantre lakay ou, se pou kraze, detwi, mete dezòd.

Lavi se yon lekòl. E nan lekòl sa, gen leson ki dous, men gen leson ki koute chè. Gen moun ou t ap panse se zanmi w, se moun ou te mete sou kè w, ou te louvri pòt kay ou, ou te louvri kè w, e se yo menm ki mete ou ajenou. Se yo menm ki trayi ou, ki pale ou mal, ki voye ou jete lè ou plis bezwen yo. Lè sa rive, ou reyalize se pa tout moun ki ta dwe gen plas nan lavi w.

Ou pa gen dwa louvri lavi w bay tout moun. Ou pa bezwen gen plizyè santèn zanmi pou w santi w viv. Parfwa, ou pi byen ak 2 ou 3 bon moun ki pote bon valè, ki gen respè, ki kwè nan ou, olye ou antoure tèt ou ak 20 moun ki pa pote ou anyen. Limite se pa rayi. Limite se pa mechanste. Limite, se konesans tèt ou. Se respè pou tèt ou. Se enstriksyon moral.

Gen moun ki ka fache sou ou paske ou pa ba yo plas nan vi w. Gen lòt ki ka di ou gen lògèy, ou pa senp. Pa koute yo. Ou pa dwe pèdi tèt ou pou w fè tout moun plezi. Mete limit, mete prensip. Se vi pa w ou ap viv, se ou ki konnen sa w ap chèche, se ou ki konnen kote ou soti, se ou ki konnen doulè w. E se ou ki va pote konsekans yo si w lage tèt ou bay tout moun san w pa reflechi.

Viv ak lespri. Chita reflechi sou moun ki antoure ou yo. Eske yo bati w ? Eske yo ankouraje w ? Eske yo mete limyè sou chimen w ? Si repons lan se non, pa gen wont mete distans. Se pa mechanste, se responsabilite. Tout moun pa ka zanmi w. E se pa tout moun ou dwe mete nan vi w.

Pote tèt ou ak diyite. Fè efò pou w pa regret demen. Se pa tout souri ki senp, se pa tout bonjou ki senserite. Fòk ou aprann di non, fòk ou aprann seleksyone. Mete limit se youn nan pi bèl prèv ou gen respè pou tèt ou. E se sa ki rele fòmasyon sivik ak moral.

Tout moun pa pou tout moun. Ou pa pou tout moun. E tout moun pa pou ou non plis.

De la même catégorie