Bienvenue!

Pa jije kè moun sou yon sèl repons: se pa tout ‘non’ ki soti nan move kè

Anpil moun ann Ayiti toujou gen tandans pran bagay yo two oserye, sitou lè yo mande yon moun sèvis oswa yo fè yon demann epi yo resevwa yon “non” pou repons. Anpil fwa, yo panse se refi sa ki endike moun nan gen yon pwoblèm avèk yo, oubyen li gen kè di, li mechan, li pa renmen yo. Men pi souvan, se pa sa ditou.

Nou bliye twò souvan chak moun ap viv pwòp batay li, chak moun gen chay pa li. Gen moun ou ka mande èd, li pa bay ou non paske li pa vle, men paske li pa kapab. Gen lòt ki gen tèt yo chaje, ki bouke, ki gen pwoblèm pa yo, men yo pa janm pale, yo pa janm plenyen. Epi lè yo di ou non, ou pran sa pou dega, ou mete sa sou kè ou, ou fache, ou vire do, ou mete moun sa sou lis “enmi” ou, san ou pa menm chita pou w reflechi.

Se konsa nou mete distans antre nou, nou bay tèt nou move lide, nou simen frèt kote ki te ka rete cho. Yon refi pa toujou vle di ou pa gen valè. Li pa vle di moun nan pa renmen ou. Sa vle jis di se pa moman an. Fòk nou aprann aksepte non an san nou pa kage tèt nou nan lide ki pa gen baz. Nou bezwen devlope yon lòt lespri, youn ki konprann chak non pa pote rayisman dèyè li.

Pandan nou ap chèche sipò, nou dwe sonje tout moun pa gen menm mwayen, menm tan, ni menm dispozisyon. Moun ou te konn jwenn èd lakay li ka gen difikilte jodi a. Moun ki pa reponn ou ka sou kabann lopital. Moun ki pa prete ou lajan ka gen dèt li ap kache. Se pa tout moun ki ap viv sa yo montre.

Fòk nou aprann kite plas pou lòt moun viv tou. Fòk nou pa jije moun sou yon sèl repons, yon sèl aksyon. Mete tèt ou nan plas lòt la. Pa fè jeneralizasyon sou kè moun sou baz imajinasyon. Si ou toujou panse tout moun ki pa fè sa ou vle se enmi ou, ou pral toujou ap viv ak lènmi ou envante nan tèt ou.

Ann eseye kraze mòd panse sa. Ann sispann pran tout bagay pou nou. Ann ouvè lespri nou sou lòt reyalite, sou lòt difikilte. Paske pafwa, se pa ou yo refize. Se pa ou yo rejte. Se ak lavi yo ap lite.

Ak plis konpreyansyon, nou ka bati plis inite. Ak plis tolerans, nou ka evite plis malentandi. E ak plis lespri ouvè, nou ka aprann viv pi byen ansanm.

De la même catégorie