Bienvenue!

Pa leve kite yon fatra sou yon plas piblik

Li pa bon pou  yon moun fin bwè yon ji nan yon boutèy plastik, manje nan yon asyèt anbwate pou li leve kite yo kote li te chita, swa nan lari osinon sou yon plas piblik. Se tankou yon jès ensivilite li ye. Leve kite yon fatra sou yon plas piblik gen yon enpak sou la sante ak anviwonman an. Paske boutèy nou leve kite yo ka tounen kote ensèk repwodi epi ki pral pote maladi. Lè gen lapli, dlo k ap koule sou wout la, pote boutèy la jiskaske li rive nan kanal la. Kanal la ranpli ak dlo, pote ale asyèt katon an ak boutèy la jiskaske li rive nan yon rivyè, epi nan lanmè.

Pa leve kite yon boutèy plastik ou t ap bwè ladan l, yon asyèt anbwate ou t ap manje sou yon plas piblik. Jès sa montre yon mank respè pou espas piblik la ak pou lòt moun ki chita akote yo, osinon ki pral chita la. Se yon fason kontrè ak nòm sosyal ki ankouraje lapwòpte, respè pou anviwònman an, ak responsablite kolektif.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie