Bienvenue!

Pale de zansèt yo : yon tradisyon fanmi ki merite reviv

Nan anpil fanmi, istwa ak memwa zansèt yo se pi gwo trezò nou genyen. Gran paran ak gran gran paran nou yo se rasin nou, se atravè yo nou jwenn eritaj nou,kiltirèl, moral, e menm emosyonèl. Men, èske ou janm pran tan chita ak pitit ou pou pale yo de sa?

Chak moun sou tè a soti nan 8 gran paran. Gen ki gen chans viv ak yo, koute yo, aprann nan men yo. Men gen lòt, swa paske yo mouri twò bonè oswa paske lavi mete distans, ki pa janm gen chans  sa.

Se pou sa li enpòtan pou nou kenbe tradisyon pale de gran paran ak gran gran paran nou yo. Montre pitit nou foto, rakonte istwa, pataje bèl souvni. Sa pa sèlman ranfòse idantite timoun nan, men li mete l pi pre fanmi l, li fè l santi li fè pati yon bagay pi laj pase tèt li.

Fè timoun yo konnen kiyès yo soti, se ba yo plis rezon pou konnen kiyès yo ye. Pa kite memwa zansèt yo disparèt. Chita, rakonte, pataje.

De la même catégorie