Nan sosyete ayisyèn nan, genyen anpil sijè nou pa abòde louvètman, paske yo konsidere yo kòm “tabou”. Youn nan sa yo se jan fanm santi yo nan relasyon entim, espesyalman lè sa pa satisfè yo. Pale de sa souvan konsidere kòm yon wont, yon move gason pa ka tande, oubyen yon fanm pa dwe di. Men reyalite a anpil fanm ap viv relasyon kote yo pa jwenn plezi, kote yo santi yo bliye, men yo pa janm di sa. Poutèt kisa?
Fanm ayisyèn grandi ak anpil presyon sou zepòl yo. Gen presyon pou yo “kenbe kay”, pou yo pa fè gason santi yo “ensifizan”. Rezilta? Anpil fanm fè silans, yo kite kò yo itilize san yo pa janm di sa yo bezwen. Gen moun ki panse si yon fanm di: “Mwen pa satisfè”, li fè wont, li “twòp”, oubyen li manke respè.
Men Anie, yon fanm 34 an ki viv nan Petyonvil, dakò pale sou eksperyans pa li.
“Premye fwa mwen di patnè mwen mwen pa te jwenn plezi, li fache. Li di mwen li pa ase pou mwen, li fèmen kò li. Mwen santi mwen koupab pandan m’ap eseye jis mete on verite sou tab la. Se pa paske mwen pa renmen li, men mwen pa t’ vle kontinye viv sa an silans.”
Temwanyaj Anie a pa izole. Gen anpil fanm ki pase nan sitiyasyon konsa. Men, yo kontinye fè silans, swa paske yo pè pèdi nèg la, swa paske yo pa vle parèt kòm yon fanm “difisil”.
Lavi entim pa ta dwe yon direksyon sèl. Se de moun ki pataje yon espas, ki ta dwe tande, konprann, aprann ansanm. Fanm yo gen dwa pale sou sa yo santi. Yo pa fèt pou fè plezi sèlman, yo pa “kò”, yo se moun. Pale sou sa ki pa bon pou yo pa ta dwe tounen yon konfli oswa on menas pou relasyon an.
Jessica, yon lòt fanm ki gen 28 lane, mete sa klè:
“Mwen t’ap aprann ak tèt mwen. Jiskaprezan, mwen gen on sèl nèg ki pa janm poze m kesyon apre nou fin fè lanmou. Se tankou nou pa egziste nan moman sa yo, se plezi pa yo sèlman ki konte. Mwen vin aprann sa m vle, sa m pa vle, e kounye a, mwen pa pè di li. Si li ale, se paske li pa t’ vle aprann ak mwen.”
Nou bezwen dekonstwi ide yon fanm ki di sa li vle se yon fanm “move”. Okontrè, se yon fanm ki chita sou diyite li. Yon relasyon ki pa baze sou kominikasyon, sou respè, pa ka fleri. Pa gen devlopman si pa gen libète pou chak moun pale sa yo santi.
Nou dwe bay fanm yo espas pou yo di sa yo santi. Se pa agresyon, se pa rejè, se yon apèl pou pi bon koneksyon. Se moman pou sosyete a sispann fè silans sou kesyon sa yo. Se pa sèlman gason ki merite satisfaksyon. Fanm yo, yo menm tou, gen dwa di “Mwen pa satisfè”, san yo pa pè jije, ni pè pèdi.
Sosyete nou an pa ka vanse si chak vwa pa gen plas li. E si nou vle bay relasyon pi bon sans, li lè pou nou kite fanm yo pale, san kè sote, san wont, san pè.