Bienvenue!

Pou piti 122 moun pèdi lavi yo, nan dife ki pran nan forè peyi Chili, daprè yon bilan pwovizwa

Depi nan fen semèn pase a, dife ki pran nan forè peyi Chili lakòz lanmò pou pi piti 122 moun, daprè sa otorite yo fè konnen jodi lendi 5 fevriye 2024 la. Sitiyasyon an kontinye ap deteryore, dife yo gentan detwi pou pi piti 43,000 ekta nan forè yo.

Bilan moun ki mouri yo pa sispann ogmante pi plis chak jou. Dife ki pran nan forè yo semèn sa a, se pi gwo trajedi ki tiye plis moun sou 10 dènye ane yo nan peyi Chili.

Daprè sa sitwayen yo rapòte bay divès medya, yo pèdi tout bagay yo nan yon titan tou kout akoz gwosè ak rapidite dife a, ki boule kay anpil manm nan fanmi yo.

Daprè Manuel Monsalve, sekretè nan ministè enteryè peyi Chili, gen 3,000 ak 6,000 kay ki domaje nan dife ki pran nan forè yo.

Prezidan chilyen an Gabriel Boric bò kote pa l, ki te fè yon vire nan elikoptè, anonse kantite viktim yo pral kontinye  ogmante, poutèt dife a ki poko sou kontwòl.

De la même catégorie