Bienvenue!

Poukisa anpil fwa nan sosyete pa nou an, depi yon fanm reyisi nou di se yon gason ki dèyè l ?

Nan sosyete ayisyèn nan, wout siksè yo souvan chaje obstak pou fanm yo. Nou souvan tande pawòl ki asosye siksè medam yo ak gason. Lè yon fanm reyisi, ou toujou tande kòmantè ki atribiye reyisit la ak yon gason.

Pèsepsyon pou redui medam yo ak yon moun depandan, soulve kesyon sou prejije sèks ki anrasinen nan pratik nou.

Rose Janvier, yon fanm ki reyisi ak pwòp kouraj li, pataje eksperyans li ak nou. « Siksè m pa gen anyen pou wè ak yon gason, mwen batay poukont mwen depi m timoun pou m reyalize sa mwen genyen jodi a. edikasyon  enpòtan anpil, mwen envesti nan tèt mwen pou m ka sa m ye jodi a », se sa Rose deklare.

Sitiyasyon Rose dekri a diferan pa rapò ak lide moun yo ap pataje tankou, dèyè chak fanm ki reyisi gen yon gason. Pawòl sa sanble ak yon envansyon.

Li enpòtan pou n konbat pèsepsyon sa yo. Fè siksè pa ta dwe kondisyone ak sèks, men pito sou sa moun nan fè pou l rive reyisi vi l.

Fanm ayisyèn, tankou Rose Janvier, merite rekonesans pou pwòp reyalizasyon yo, san nou pa oblije ap imajine ke oblije genyen yon gason dèyè reyisit li a.

Kesyon bay gason responsab siksè fanm nan sosyete a se yon gwo preyokipasyon. Ankouraje fanm yo pouswiv rèv yo poukont yo, san yo pa toujou asosye ak yon gason, se esansyèl pou kreye yon sosyete tout bon.

Siksè yon fanm nan sosyete ayisyèn nan pa dwe lye ak gason. Istwa tankou Rose Janvier, fè nou sonje enpòtans pou rekonèt fanm yo pou reyalizasyon endividyèl yo, lè sa n ap ankouraje plis moun aprann e konprann ke fanm menm jan ak gason gen kapasite pou yo reyisi  san yo pa oblije depandan.

Fanm ka reyisi san gason menm jan gason Ka reyisi san fanm, paske yo chak se yon moun vivan ki fèt ak entelijans ak fakilte langaj, ak tout lòt eleman ki patisipe nan devlopman moun. Kidonk pèsepsyon ki vle fè kwè depi yon fanm reyisi gen yon gason dèyè l la se manti. Fanm kapab reyisi menm jan ak gason nan sosyete a sitou lè yo pase nan chemen etid ak konpetans.

De la même catégorie