Bienvenue!

Poukisa anpil moun depi yo tande vodou yo asosye l ak pratik djab ?

Daprè listwa, vodou ayisyen an soti nan esklavaj ak kilti fanmi wayal yo nan Dawome nan Lafrik oksidantal. Esklav yo te itilize vodou (relijyon) a tankou yon mwayen pou ini fòs yo epi pran libète yo.

Istwa vodou a ak pratik ki mache ak li se idantite pèp ayisyen an. Kòm Ayisyen nou paka inyore l, paske li makònen ak istwa nou. Li te jwe yon gwo wòl nan epòk blan fransè t ap maspinen nwa yo nan koloni Sendomeng lan.

Vodou a gen plizyè aspè ladan l, men tou li pote anpil pou pèp ayisyen. Li pèmèt nou entèprete sa k ap pase nan lavi nou chak jou. Vodou a se kwayans, se fòs nan pwòp kapasite nou, se mwayen rezistans pèp ayisyen an.

Vodou ak relijyon katolik gen anpil rapò nan kesyon sen ak lwa ki asosye yo, se youn nan rezon anpil kretyen pwotestan konsidere vodou ak katolik tankou menm bagay.

An Ayiti anpil moun panse vodou a se pratik malfektè, poutan yon vodouyizan se yon moun ki kwè nan lanati nan kilti peyi l. Vodou a se fòs ak enèji, se rezistans sou tout fòm, se rasin nou, se tou yon mwayen ki raple nou kote nou soti. Men anpil moun kwè pratik vodou a pote anpil malè nan sosyete ayisyèn nan ak anpil zak kriminèl sitou nan kesyon maji nwa yo, anpil moun itilize vodou a pou fè mechanste.

Pou vodouyizan yo, relijyon ak pratik vodou yo pa gen pou wè ak zak malfektè men lwa yo gen pouvwa pou aji kont moun k ap fè move zafè. Men yo dakò gen anpil moun ki itilize l pou fè mechanste. Daprè yo vrè vodouyizan yo sèvi ak vodou pou pwoteje tèt yo, fanmi yo, e rete konekte ak bitasyon yo, li fè yo sonje kote yo soti, fèyo konnen yo se premye pèp nwa ki lib.

Kòm ayisyen, nou dwe aksepte men tou respekte chwa tout moun, aprann konnen epi apresye sa nou genyen kòm kilti. Nou dwe kiltive tolerans youn pou lòt. Vodou a se idantite pèp ayisyen an li enpòtan pou nou aprann konnen kisa ki gen ladan l, bon ak move kote l. Li se tou yon relijyon ki gen pwòp pratik pa l, ki gen espri ki mache ak li, sa nou rele ” Lwa” yo. Inyore egzistans vodou a se inyore kote nou soti, se inyore idantite nou, se inyore ke nou se yon pèp nwa ki fèt pou viv libe libè sou bout tè papa nasyon an.

De la même catégorie