Nan anpil fanmi ayisyèn, sitou sa ki angaje nan kèk legliz, gen yon prensip ki byen file nan rasin lakay yo: se patwon pitit yo yo ye. Yo panse devwa yo se dirije chak desizyon pitit yo pran, sètènman nan sa ki gen rapò ak lanmou ak relasyon.
Pastè nan legliz sa yo, ansanm ak kèk manm, bay yon mesaj ki klè: yon bon kretyen dwe marye ak yon lòt bon kretyen. Men, malerezman, anpil fwa mesaj sa a vin tounen yon doktrin ekstrèm ki deklare tout moun ki pa nan kominote legliz yo se pechè, se demon, e yo pa dwe apwoche. Yo mete laperèz nan tèt timoun yo, yo di yo si yo apwoche ak yon moun ki pa nan legliz la, yap atire malè sou tèt yo.
Konsekans lan se yon gagòt. Anpil jèn gason ak jèn fi ki grandi nan anviwònman sa yo sibi. Yo kache yo de verite a sou lavi, sou lanmou, sou relasyon. Yo pa ka pale ak paran yo paske yo konnen repons la ap vin ak kondanasyon . Yo grandi ak yon lakòl nan ren yo, yon malèz chak fwa yo santi yon santiman pou yon moun ki pa legliz .
Rosena pataje istwa li ak doulè: “Se akoz de papam ki se yon pastè, ki te lakòz mwen te fè yon pitit pou yon nèg mwen pat menm renmen. Mwen sonje mwen te gen yon nèg mwen te renmen anpil. Mwen te di Papam sa, li te fache paske nèg la pat nan legliz la. Malgre mwen te renmen nèg la e li te renmen mwen tou, yo te fòse mwen kraze relasyon an. Apre sa, nan dezèspwa ak konfizyon, mwen te tonbe nan bra yon lòt moun mwen pat gen anyen pou mwen avèk li. Kounye a, mwen gen yon pitit ak li nan chèche fè eskperyans.”
Istwa Rosena a se pa yon ka izole. Li revele yon pwoblèm ki anrasinen: kijan paran yo, ak bon entansyon, ka aji mal ak pitit yo. Yo kwè yo ap pwoteje yo, poutan sa yo ap fè a se yon kalite vyolans emosyonèl. Yo prive pitit yo de dwa pou yo aprann nan eksperyans, pou yo fè erè, pou yo grandi, epi pou yo chwazi moun ki fè kè yo kontan.
Nou panse nou ap pwoteje yo lè nou mete baryè devan yo. Men, nou pa wè sa k ap pase dèyè baryè sa yo: solitid, fristrasyon, move chwa ki fèt an kachèt, ak laperèz ki pa janm kite yo.
Nou dwe konprann pitit nou yo se moun. Yo gen atirans, santiman, ak yon volonte pou yo viv lavi yo. Chwa yon moun pa gen anyen pou wè ak si yo nan legliz ou pa. Se nan kè a, nan respè a, nan bonte a, nan verite a yo ye. Nou dwe kite pitit nou yo chwazi. Se vre, nou dwe toujou la pou bay konsey, pou montre yo wout la, pou pataje eksperyans nou. Men, nou pa dwe janm prive yo de libète yo genyen pou yo chwazi. Se pa pwoteksyon, se prizon nou ap bati pou yo.
Lè nou aji konsa, nou pa tounen yon bon paran; nou tounen yon jij. E lavi anseye nou, li pi bon pou yon timoun fè yon ti erè nan klète, pase pou li bati yon lavi sou yon fondasyon manti. Se pou nou fè konfyans nan edikasyon nou te bay pitit nou yo, epi kite Bondye, ki bay libète, gide yo nan chwa yo.