Bienvenue!

Poukisa li parèt nòmal nan anpil sosyete, lè yon  gason gen plizyè fanm, alòske pou fanm yo, se yon move bagay lè yo gen plizyè nèg, kòman sa ye nan sosyete pa nou an ?

Nan sosyete Ayisyèn nan, anpil moun dakò se yon bagay nòmal lè yon nèg gen plizyè fanm.
Souvan, nou konn tande   gason yo k ap pale avèk fyète, sou kantite fanm yo genyen alafwa, sa ki rann dèfwa si yon gason chwazi gen yon sèl fanm, li konn jwenn moun ap di l se mawozo.

Yon lòt bò, anpil gason fè konnen, yon fanm ki bon dwe gen yon sèl mennaj, si se pa sa li  se yon “bouzen”. Anpil fwa sa pa deranje kèk paran lè pitit gason yo gen plizyè fanm, genyen ki menm konn fè lwanj pou yo di pitit yo a se gwo jènjan. Poutan, menm  paran sa yo, konn menm entèdi pitit fi yo renmen, alevwa pou yo ta gen plizyè gason.

Li pa nòmal pou sosyete a wè gason an tankou Yon moun lib ki ka deside kouman l ap jere vi santimantal li, yon lòt kote pou menm sosyete sa deside bay medam yo non pote lè yo deside libere yo anba yon bann entèdi. Sosyete a paka gen fòs kote, li dwe ofri tout moun, fi kou gason menm dwa, k ap pèmèt yo chwazi sak bon pou yo, sak fè yo plezi depi yo pa vyole lalwa.

Menm jan yon gason lib pou l fè sa l vle depi l pa vyole lalwa. Medam yo dwe yo menm kapab deside fè sa yo vle ak vi yo depi yo pa vyole lalwa.

De la même catégorie