Bienvenue!

Poukisa moun pa janm renmen di kantite lajan y ap touche ?

An Ayiti, pale sou kantite lajan yon moun ap touche nan travay li rete yon sijè tabou. Gen moun ki fè konnen, koze pale kantite kòb y ap touche ka lakoz gwo tansyon nan mitan kòleg travay, nan mitan zanmi ak fanmi.

Gen lòt moun ki twouve li pa nòmal pou yo ap pale de kantite kòb y ap touche ak lòt moun, pou yo se yon bagay pèsonèl yo pa oblije pataje l. Gen lòt ankò ki wè sa fè lèd pou yon moun kanpe ap di men kantite kòb l ap fè tankou l ap fè djòlè. Moun yo kwè tou se jan antrepriz yo fonksyone kote yo pa gen yon griy ki fikse salè yo. Anpil nan yo pwofite sou sitiyasyon chomaj, grangou elatriye pou negosye salè ak moun k ap chèche travay.

Divès rezon kapab eksplike tabou sa, pami yo, se salè mizè mèt travay yo lage nan men anplwaye yo, men tou paske pa gen yon salè pou tout moun menm si y ap fè menm travay.

Anpil moun an Ayiti rete kwè yon moun ki konn kantite lajan y ap touche ka fè yo mal, men tou gen moun ki konn wè kantite kòb yap touche a tèlman pa reprezante anyen yo pa chwazi pale sou kesyon sa, yon lòt bò , gen moun, ki tèlman ap byen touche li pa chwazi kite moun konnen pou sa pa mete zizani nan espas travay la. Gen lòt se paske salè a konn pa menm koresponn ak djòb y ap fè a, sa vle di oswa lajan yo ba li a twò piti lè sa li wont pale sou sa, oswa yo peye l plis ke travay l ap fè a, lè sa li fè l tounen yon sekrè.

Zafè lajan an Ayiti se pa sijè moun pale sou plas piblik. Menm moun k ap viv ansanm konn pa alèz pou pale de salè yo paske li ka tounen yon zouti dominasyon nan men youn ou lòt. Gen moun k ap viv ansanm ki pa vle patnè yo gen kontwòl kantite lajan y ap rantre pou yo ka gen libète pòch yo.

Men pou moun ki se anplwaye an Ayiti rezon yo klè, moun yo wont paske sa y ap touche a se yon salè mizè ki paka pèmèt yo reponn ak pwòp bezwen yo, genyen se pou yo pa vin yon kat make paske y ap byen touche.

Gwo kesyon an se kisa ki dwe fèt pou moun ka alèz pou pale de kantite lajan y ap touche ? Gen moun ki panse fòk leta kreye kondisyon pou gen plis travay nan peyi a, fòk leta tou asire l ke anplwaye yo pa viktim anba men anplwayè yo, konsa travay kapab vini tout bon vre ” libète”. Ou menm, ou menm menm, poukisa ou pè pale sou kantite kòb w ap touche ?

De la même catégorie