Nan kilti nou, gen yon kwayans solid ki pase de jenerasyon an jenerasyon: lè w fè yon pitit, w sipoze okipe li, epi nan retou, pitit la dwe w yon rekonpans. Men, eske nou janm kanpe pou n reflechi sou sa vrèman Kisa vle di fè pitit?
Lè yon moun deside fè yon pitit, se yon chwa li pran. Se yon desizyon ki soti nan volonte li. Nan chwa sa a, gen yon responsablite ki vin atache responsablite pou bay timoun nan tout sa li bezwen pou l ka grandi byen. Li se yon responsablite natirèl, yon devwa ki vin tout sèl ak chwa a. Men, malerezman, anpil nan nou transfòme responsablite sa a nan yon kalite kontra kote nou panse pitit la dwe nou yon bagay.
Nou tande granmoun di: “Bourik fè pitit se pou do li poze.” Men, sa a se yon vizyon danjere ki redwi valè yon timoun nan yon enstriman sèvis. Li trete pitit la kòm yon objè, yon envestisman, olye yon èt imen kapab gen pwòp rèv, pwòp volonte, ak pwòp destine.
Yon pitit ki fèt pa mande pou vini nan lemonn. Se paran yo ki fè chwa sa a pou li. Se poutèt sa, li pa ka janm dwe yo anyen. Responsablite paran an se yon obligasyon moral ki soti nan chwa li te fè a, epi li dwe rive nan yon pwen kote li bay pitit la espas pou l viv lib, san dèt moral ki ka anpeche l vole ak pwòp zèl li.
Lè nou grandi ak lide nou dwe paran nou paske yo te okipe nou, nou kreye yon relasyon ki baze sou obligasyon olye lanmou. Pitit la ka santi l prizonye nan yon kad kote tout jès li yo entèprete kòm yon fason pou l peye yon dèt. Sa ka anpeche l devlope yon vrè idantite, olye li pèmèt li grandi nan yon anviwònman kote li santi li aksepte pou sa li ye, pa pou sa l kapab ranmase pou nou.
Si nou vle yon relasyon ki an sante ak pitit nou yo, nou dwe kòmanse pa konprann renmen vrè a pa gen kondisyon. Li pa dwe mezire sou baz sa pitit la kapab fè pou nou pita. Devlopman yon timoun dwe akselere nan yon klima kote li santi li lib, kote li aprann bay ak resevwa afeksyon san kalkil.
Nan anpil fanmi ayisyen, gwo presyon met sou pitit gason ak pitit fi pou yo ede paran yo ekonomikman oswa pou yo kontinye tradisyon fanmi an. Men, si pitit la deside ede, se ta dwe yon desizyon ki soti nan kè li, yon ekspresyon lanmou ak rekonesans, pa yon obligasyon ki mare l san mele.
Nou dwe chanje diskou nou. Olye nou di: “Mwen te fé tout bagay pou ou, kounye a se tou pa w,” ta pi bon pou nou di: “Mwen te fè sa paske mwen renmen w, epi mwen vle w kontan.” Apwòch sa a pèmèt pitit la grandi ak yon santiman sekirite, li aprann bay ak renmen san pa santi li oblije.
Fè pitit se yon bèl bagay, men se pa yon kontra biznis. Se yon eksperyans imen ki dwe baze sou renmen, respè, ak libète. Se lè nou konprann sa, nou ka konstwi relasyon ki pi fon, ki pi otantik ak pitit nou yo relasyon kote chak pati grandi ak eklèsi, pa ak chèn.