Bienvenue!

Poukisa pasyan ki soufri maladi sida, pè pale sou sa ?

Li posib pou yon moun viv ak jèm sida a, menm jan ak tout moun ki pa kontamine, depi l ap suiv tretman kont maladi a.

Nan majorite peyi nan mond lan, menm jan ak sosyete pa nou an,  majorite moun ki soufri maladi sida, pè pale sou sa. Genyen ki menm eskli tèt yo nan sosyete a, anpil fwa akoz move tretman yo jwenn .

Gen lòt, se paske yo panse yo paka gen yon vi seksyèl aktif, oswa pote yon timoun san danje.

Alòske, depi 2008, pèsonèl sante estrikti komisyon federal kominikasyon ki gen pu wè ak maladi moun pran nan fè bagay, prezante tout benefis yon pasyan ki kontamine genyen.

Depi kèk tan yon pasyan ki kontamine, men ki sou tretman, kapab viv san l pa transmèt jèm sida a bay lòt moun. Li kapab ale nan rapò seksyèl, men tou, fanm yo ka tonbe ansent, fè timoun, bay timoun tete san pwoblem. Jouk jounen Jodi a, anpil moun nan mond lan pa konnen tout pwogrè syantifik sa yo, se rezon ki lakoz, anpil pasyan wont pale sou malady a, men tou, sa fè sosyete yo bay move tretman ak moun ki teste pozitif yo.

Plizyè moun ki kontamine fè konnen, yo rive viv trè byen ak fanmi yo. Yo fè timoun san yo pa reprezante okenn danje, pou timoun yo ak patnè yo.

Pi lwen gen moun ki tap viv ak jèm maladi a ki menm rive fè konnen yo jwenn tretman pou li, kidonk yo geri.

Olye pou nou inyore yon moun ki gen jèm maladi sida a, li bon pou nou sipòte yo moralman, epi ede yo nan moman difisil yo, yon fason pou nou rive konbat, tout fòm diskriminasyon.

De la même catégorie