Nan yon peyi kote anpil valè ap disparèt ti kras pa ti kras, edikasyon sivik ak moral vin tounen yon zouti esansyèl pou bati yon jenerasyon ki gen respè pou tèt li, pou lòt moun, epi pou lalwa. Youn nan pi gwo mal ki frape sosyete a jodi a, se relasyon seksyèl ak minè yon pratik ki imoral, ilegal, e ki kraze lavi anpil timoun.
Edikasyon sivik ak moral pa sèlman anseye règ ak lwa, li ede jèn yo konprann limit ant sa ki bon ak sa ki mal, epi fòme yo pou yo defann dwa yo. Lè yo gen konesans sou konsanti, sou limit laj legal, ak sou respè pou diyite moun, yo vin pi prepare pou pwoteje tèt yo kont abi.
Twòp fwa, zak konsa fèt ak konplisite moun ki ta dwe pwoteje timoun yo : fanmi, vwazen, oswa menm moun ki gen otorite. Lè sa rive, sa montre yon feblès nan konsyans kolektif nou. Yon sosyete ki tolere abi sou timoun ap grandi ak plis vyolans, plis ensekirite, ak plis dezespwa.
Pou chanje sa, fòk gen yon angajman solid nan lekòl, nan legliz, nan kominote yo pou mete edikasyon sivik ak moral nan sant fòmasyon jèn yo. Se pa sèlman yon kesyon de konn chante im nasyonal oswa repete lwa yo, men se fòme yon mantalite kote respè pou lavi ak diyite moun vin premye règ la.
Relasyon seksyèl ak minè se pa “lanmou”, se yon zak dominasyon ki sèvi ak pouvwa, laj, oubyen lajan pou manipile yon moun ki poko gen matirite pou pran desizyon sa yo. Epi, se yon krim. Chak sitwayen gen responsabilite pou denonse, pou aji, pou pa fèmen je devan sa.
Si nou vle wè yon Ayiti kote valè moral yo leve tèt yo ankò, fòk nou pran edikasyon sivik ak moral oserye. Paske se li ki ka prepare yon jenerasyon ki pa tolere enjistis, ki respekte lòt moun, e ki pare pou di “non” devan tout fòm imoralite
















