Nan yon epòk kote maladi kwonik tankou kansè, dyabèt ak tansyon wo ap frape anpil fanmi, gen remèd natirèl ki ka ede n pran swen kò nou. Youn nan yo se yon ti melanj fèy ki soti nan tradisyon lakay, epi li ka bay bon rezilta si w itilize l byen.
Sa w bezwen
5 fèy gwayav
7 fèy mango (nenpòt kalite mango)
6 fèy kowosòl
Kijan pou prepare l :
Mete tout fèy yo nan 1 lit dlo, bouyi yo pandan 10 minit. Apre bouyi a, kite l refwadi epi koule l.
Kijan pou w pran l :
Bwè 1 tas chak maten a je epi 1 tas chak swa anvan ou dòmi, pandan 3 semèn san sote.
Yo kwè ti remèd sa a ka ede netwaye san, kenbe tansyon an stab, kontwole sik nan san epi ranfòse defans natirèl kò a. Sa ka ede w viv miyò epi evite anpil maladi.
Sonje sa : sante se premye richès.
Pataje remèd sa ak yon lòt moun, paske sa ki ede w ka sove yon lòt. Yon tas chak jou, pou plis lavi, plis espwa