Si w ap chèche yon solisyon natirèl pou soulaje maladi tankou kis nan ovè, fibwòm oswa distwofi ovaryèn, men yon remèd kay ki ka ede w. Fasil pou prepare, li mande engredyan senp ak benefik pou sistèm repwodiktif fanm yo.
Engredyan yo :
4 grenn lay
1 gwo sitwon vèt
1/2 ti kiyè poud safran
Yon ti moso jenjanm
3 kiyè vinèg de sid (vinaigre de cidre)
1/2 lit dlo
Preparasyon :
Netwaye lay ak jenjanm.
Mete yo nan blenndè epi ajoute dlo a pou blende yo byen.
Vide melanj la nan yon veso.
Ajoute ji sitwon an ak vinèg la.
Mete safran nan rès dlo a epi brase tout ansanm.
Mete melanj la sou dife pou bouyi li pandan 5 a 6 minit.
Pozoloji :
Bwè yon vè nan maten anvan ou manje.
Bwè yon vè nan aswè anvan dòmi.
Avètisman :
Remèd sa pa fèt pou konsèvasyon. Fè li chak jou pandan 1 mwa.
Si fibwòm nan gentan depase 11 cm, ou ka kontinye bwè li, men si li rive 12 cm, nap pote yon lòt remèd espesyal pou ou.
Toujou konsilte yon pwofesyonèl sante anvan ou kòmanse nenpòt tretman, menm si li natirèl.
Sante se richès, pran swen tèt ou!
















