Si w se moun k ap soufri ak maladi nan lestomak tankou ilsè estomak, gastrit, oswa asid, ou konnen ki jan doulè sa a ka fè w mal. Gen anpil moun k ap chache solisyon natirèl pou soulaje tèt yo, epi youn nan remèd popilè yo se konbinezon pomdetè ak myèl.
Kòman li fè fonksyone ?
Pomdetè gen yon pwopriyete ki ka anpeche asid lestomak yo two monte, epi li ka kalme doulè ou santi a. Myèl natirèl, nan menm tan an, gen pwopriyete ki ka anpeche enflamasyon, ak li ka ede nan gerizon twou ki fèk parèt nan lestomak la.
Kòman pou w pran li ?
Men yon fason ki senp:
Pran yon grenn pomdetè, byen lave l ak tout po a (asire w li pwòp).
Koupe l an ti moso, epi melanje l ak yon kiyè myèl natirèl.
Bwè melanj sa s nan maten, avan w manje. Sa ede lestomak w prepare pou jounen an san li pa two chaje.
Anpil moun ki itilize remèd sa a rapòte yo santi yon soulajman.
Men, atansyon !
Remèd natirèl yo ka ede, men yo pa ka ranplase yon bon swen medikal. Pa janm bwè remèd sa a si w gen dyabèt, paske myèl la gen sik.
Pale ak yon doktè avan w eseye nenpòt remèd natirèl. Se sèlman yon pwofesyonèl sante ki ka di w sa ki pi bon pou sante w.