Fòk nou sispann panse moun k ap dirije yo ap gen pitye pou nou. Chanjman pa ka soti sèlman nan men dirijan ki gen pwòp enterè yo nan tèt. Li dwe soti nan chak nan nou, kòm yon pèp, ki leve kanpe pou defann dwa li ak diyite li. Sa mande konsyans, sa mande enstriksyon, e sa mande aksyon.
Ayiti pa fini. Men li mande yon revèy tout bon. Kèlkeswa difikilte yo, fòk chak Ayisyen sonje peyi sa a pa ka chanje si nou menm pa fè pati solisyon an. Yon lòt Ayiti posib, men fòk nou leve kanpe ansanm, ak fòs konsyans nou tout.
Dirijan nou yo sanble fèmen je sou soufrans pèp la. Olye yo sèvi kòm modèl, yo bay egzanp neglijans, gaspiyaj, ak inyore. Yo bliye ròl yo se pou sèvi, pou amelyore lavi tout moun ki ap viv nan peyi a. Malerezman, nan moman kote peyi a bezwen vizyon ak lidèchip plis pase tout tan, yo montre yo pagen okenn kapasite pou soti nou nan sa.