...

Sa w dwe konnen anvan w fè sèks nan bouch

Anpil moun renmen fè sèks nan bouch. Genyen ki konsidere l tankou preliminè, gen lòt ki konsidere l tankou pla prensipal. Men tankou tout pratik seksyèl, fè sèks nan bouch gen danje pa l.
An n wè kèk maladi ou kapab pran lè w ap fè sèks nan bouch :

Èpès jenital ou labyal ( herpès génital ou labial) yo
rele l tou bouton lafyèv:

2 moun ki nan relasyon sèks oral youn ka transmèt lòt viris ki bay èpès la. Si youn genyen l nan bouch li, li ka transfere viris la nan pati jenital lòt la.

Pafwa nou ap rekonèt li ak ti bouton sou tòt
bouch nou oswa nan pati jenital nou
Gonore ( Gonorrhée)
Klamidya ( Chlamidia)
Papiyoma viris imen ( papillomavirus humain):
Ki se youn nan koz kanse nan gòj (cancer oro-
pharynge) selon kèk syantifik. Gen kèk tip ladan yo ki pa twò danjere, men konsa tou genyen ki a lorijin kansè kòl matris oswa kansè nan gòj.
Kounya gen kèk prekosyon ou ka pran si w pratike sèks oral :
Veye si w gen kèk blesi nan po bouch ou pa anndan kou deyò, nan jansiv ou oswa si w gen dan ki gen trou.
Nou ka gade si gen youn nan nou ( ant 2 patnè seksyèl yo) ki blese nan peni li oswa vajen l evite pratik sèks oral la epi al wè yon medsen ki ap ba w fè kèk tès e mete w sou tretman selon sa ka pa w la nesesite.

Si w gen jansiv senyen, yon enfeksyon oswa yon
enflamasyon nan gòj la, si w konn santi amigdal ou
anfle evite pratik sèks oral la epi al wè on dantis ki ka refere w selon ka a bay yon medsen ORL.
• Si w souvan gen ti bouton nan tèt bouch ou oswa lòt pati nan po bouch ou, si kwen bouch ou souvan ap fann fon kanpe sou pratik sa ni ou menm ak patnè ou epi konsilte yon medsen.
Si w pa konn eta sante patnè w la pwoteje tèt ou.

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Seraphinite AcceleratorOptimized by Seraphinite Accelerator
Turns on site high speed to be attractive for people and search engines.