Bienvenue!

Sante Seksyèl: Pale san wont, pwoteje kò nou

Nan anpil kominote Ayiti, pale de sante seksyèl rete youn nan pi gwo tabou yo. Lè nou pale de sèks, anpil moun santi wont, gen krent, oswa yo panse se yon bagay ki pa pou diskite nan piblik. Men kòman nou ka pwoteje kò nou, konprann sa k ap pase nan kò nou, si nou pa kapab pale lib sou sijè sa a?
Sante seksyèl pa sèlman pale de fè sèks. Li pale de konprann kò ou, respekte limit ou, ak pran desizyon ki pwoteje ou kont maladi, ansent ki pa planifye, e menm vyolans seksyèl. Lè nou fèmen bouch nou sou sa, se kò nou nou mete an danje.


Nan anpil fanmi, pale de sèks ak jèn yo konsidere kòm yon bagay ki ka fè yo “mal aprann” oswa “fè yo tonbe nan peche.” Sa lakoz jèn yo al chèche enfòmasyon nan move plas, oswa yo rete nan enkyetid ak dout. Yo pa aprann kijan pou yo pwoteje tèt yo, yo pa konnen ki jan pou yo di “non,” oswa ki kote pou yo chèche èd si gen yon pwoblèm.
Anpil fwa, moun ki gen pwoblèm seksyèl pa jwenn sipò. Yo santi yo pou kont yo, yo pè jije. Yo ka pèdi konfyans nan tèt yo, e sa ka afekte relasyon yo ak lòt moun, menm sante mantal yo.


Se pou nou kase tabou sa a. Pale de sante seksyèl se yon fason pou bay jèn yo zouti pou yo pran bon desizyon. Se yon fason pou pwoteje kò nou, pou anpeche maladi, epi pou viv yon lavi ki gen respè pou tèt nou ak lòt moun.


Nan yon peyi kote resous pou edikasyon seksyèl limite, nou bezwen mete ansanm pou bay plis enfòmasyon klè, san wont, e san jijman. Fanmi, lekòl, kominote, ak pwofesyonèl sante yo dwe travay ansanm pou ede jèn yo konprann ke sante seksyèl se yon dwa, pa yon peche.


Leve tabou a sou sante seksyèl, se bay yon sèl vwa ak yon sèl lespwa pou tout moun. Se fè konnen ke pale de sèks se an premye yon kesyon de respè ak lanmou pou tèt nou.

De la même catégorie