Bienvenue!

« Se Basket ki banm dwa reve »

Li gen sèlman 19 an, men se li ki pi wo nan pyès kay kote foto a ap fèt la. Gabriel Marc Roosvelt se yon jèn basketè ayisyen ki vle ale lwen. Jwè Canapé Vert United, ane pase li te meyè jwè chanpyona basket Association haïtienne de basketball (AHBB). Kounya li vize chanpyona nasyonal la, « si yon jou bagay yo reprann ».

Natif katye Seprenn, nan vil Gonayiv, li grandi san papa l. « Se manman m ki tap jwe tou 2 wòl yo. Bagay yo pa t fasil », li di.

Erezman, lè l rive nan segond, li jwenn yon bous detid. « Mwen jwenn yon bous detid paske m te konn jwe baskèt. M tap jwe pou lekol la. Sa te soulaje manman m ».

« Lè m fin lekòl, prezidan AHBB te remake talan m, li fè m antre Pòtoprens. Malgre manman m pa t vle okòmansman, men prezidan an te pran s? anchaj, e li rive konvenk li. Jodia se chanpyona a ki peye inivèsite pou mwen. Map etidye Relasyon piblik. E se yo tou ki peye kay pou mwen », Roosvelt explike.

« Ensekirite a banm anpil pwoblèm. Souvan, m oblije kache manman m mal jwe. Men mwen konnen mw dwe jwe, yon jou, map ka ogmante biznis dlo manman m ap fè a ».

Alòske peyi a plonge nan yon gwo kriz gaz ak ensekirite. Gabriel lage kò l nèt nan jwe baskèt. Li di : « Basket ki banm dwa reve ».

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

De la même catégorie