Nwèl, se yon fèt kretyen, yon fèt fanmi tou : kote moun yo reyini, manje epi youn bay lòt kado. Lè fèt Nwèl, kretyen yo fete jou Jezi te fèt, ki se fondatè relijyon yo a. Jou sa genyen ki al la mès, konsa tou genyen ki al nan konsè nan legliz yo.
Gen de fanmi ki dekore kay yo ak sapen e abdenwèl, pentire kay yo pandan peryòd fèt fen ane yo. Konsa tou, gen de fanmi ki pa fete Nwèl menm jan ak tout lòt fanmi. Yo pa wè fèt la menm jan. Kèk moun ka pa swiv tradisyon Nwèl la pou rezon kwayans relijye yo. Paske nan relijyon pa yo a, yo pa enkli fèt Nwèl.
Gen kèk lòt moun ki chwazi pa fete Nwèl pou rezon konviksyon pèsonel yo oubyen pou rezon opinyon divejan yo genyen sou siyifikasyon fèt la.
Se pa paske w fete Nwèl nan echanje kado, achte nouvo rad pou w panse se konsa tout lòt moun dwe fete l. Pou kèk moun, Nwèl pa yon jou fèt enpòtan. Jou sila, yo viv li tankou se te nenpòt lòt jou nan ane a. Fòk ou respekte sa !
CP: lowest rates.ca