Bienvenue!

Sèks se yon bagay ki natirèl: poukisa nou pa sispann fè l tounen tabou

Nou viv nan yon mond kote tout moun pale sou sèks san pwoblèm lè l nan yon chante, nan yon fim, oswa nan yon blag. Men, lè li rive pale ak timoun yo oswa abòde li kòm yon bagay nòmal, nou toujou gen wont. Poukisa? Sèks se yon pati natirèl nan lavi, men nou fè l sanble tankou yon peche oswa yon sekrè.

Lè nou wè yon sèn nan yon fim kote de moun ap fè lanmou, nou gen reflèks pou nou kache je timoun yo. Okontrè, si se yon sèn vyolans oswa bagay ki pi grav, pèsonn pa di anyen. Eske sa nòmal? Poukisa nou pè pou nou pale ak timoun yo sou sa ki natirèl, men nou ka montre yo tout kalite bagay ki pa bon san okenn pwoblèm?

Si nou te kòmanse pale ak timoun yo sou kò yo, sou relasyon, ak sou respè, yo ta genyen yon pi bon konprann nan lavi. Olye pou nou fè seks yon sijè ki entèdi, ki fè timoun yo ka santi yo pa nèt oubyen twò kirye, nou ta dwe pale avèk yo ak franchiz. Timoun ki konnen ki jan kò yo fonksyone, ki sa ki nòmal ak ki sa ki pa nòmal, ap vin pi responsab lè yo grandi.

Gen peyi kote yo pale ak timoun yo sou sèks san pwoblèm, epi yo gen mwens ka vyòl, mwens gwosès nan laj piti, ak mwens maladi. Eske sa pa pi bon pase fèmen bouch nou epi kite timoun yo aprann tout bagay nan lari oswa sou entènèt?

Se pa tout bagay ki dwe seksyalize. Yon bèl relasyon, yon kò ki an sante, yon bon antann ant de moun sa yo dwe nòmal, pa yon rezon pou wont. Si nou sispann trete seks kòm yon bagay ki sal, n ap edike yon jenerasyon ki pi respektan, ki pi klè, ak ki pi an sante.

Eske li pa lè pou n chanje fason nou wè sa?

De la même catégorie