Nou tout renmen manje zaboka pou gou e pou lòt benefis li genyen sou kò nou. Men, èske nou te konnen grenn zaboka a gen plis valè toujou? Anpil moun konn jete l san konnen li kapab sèvi kòm yon medikaman natirèl ki ede nan prevansyon ak tretman plizyè maladi.
Ki jan pou prepare l ?
Lè w fin manje zaboka a, pran grenn lan epi mete l sèch nan solèy. Apre li fin sèch nèt, pile l pou l vin poud. Mete poud sa a nan yon bokal pwòp pou w ka konsève l. Chak maten, pran yon ti kiyè poud grenn zaboka a, mete l nan yon vè dlo epi bwè.
Syans tradisyonèl ak eksperyans moun montre grenn zaboka kapab pote anpil soulajman pou plizyè pwoblèm sante, tankou :
Soulaje mal kè ak doulè anba lestomak
Diminye kolestewòl nan san
Ranfòse kontwòl sou tansyon ki twò wo
Li itil pou moun ki soufri dyabèt
Soulaje doulè nan jenou ak zo
Konbat asidite ak pwoblèm dijesyon
Grenn zaboka a se pa fatra. Se yon resous natirèl ki gen kapasite pou pwoteje lavi w, ba ou plis enèji, epi amelyore sante w an jeneral. Lè w entegre l nan abitid ou chak jou, ou ap dekouvri yon fason senp pou pran swen tèt ou ak remèd ki soti nan lanati.