Ou ap soufri ak jenou ki fè w mal, pye ki toujou anfle, tansyon ki pa stab oswa vant ou ki toujou ap fè ou mal? Pa neglije remèd natirèl sa a ki senp men ki gen anpil benefis.
Men sa w ap bezwen:
1 militon lavel Rachel (ak tout po li)
1 vè dlo
1 grenn sitwon
Kòman pou w prepare l:
Koupe militon an an moso san w pa wete po li.
Mete l nan blenndè ak yon vè dlo.
Lè li fin blende, pase l nan yon paswa oswa kite l repoze pou l koule.
Pran yon vè nan likid la, ajoute ji 1 grenn sitwon ladan.
Bwè melanj sa chak maten avan ou manje e chak swa anvan ou al dòmi.
Fè tretman sa a chak jou pandan 3 semèn. W ap sezi wè chanjman nan kò w: doulè yo ap diminye, pye w ap dekase, vant w ap vin pi lejè, e tansyon w ka stabilize.
Sonje: sante se premye richès nou.
















