Nan tan lontan, fanmi te gen tradisyon pa yo. Yo te apran n timoun yo fè travay lakay : lave veso, fè lesiv, kwit manje, netwaye, pa sèlman paske sa nesesè men paske se te yon fason pou fòme timoun yo, pou yo apran n responsabilite, respè, ak disiplin. Kit ou te fi, kit ou te gason, ou te gen bagay ou dwe konnen pou ka kanpe sou pye ou demen.
Jodi a, nou poze tèt nou kesyon : èske paran yo toujou pran tan pou anseye timoun yo bagay sa yo?
Èske gen ankò yon leson k ap pase soti granmoun pou rive jenès la?
Twòp fwa, teknoloji ranplase dyalòg. Paran fatige, timoun okipe sou telefòn. Gen timoun k ap grandi san yo pa janm konnen kijan pou kwit diri, san yo pa janm apran n mete lòd nan kay, san konpreyansyon sou sa lavi mande.
Se pa sèlman kesyon travay kay se kesyon fòmasyon. Lè yon timoun pa janm apran n pran swen tèt li, li ap toujou depan n de lòt. E si nou pa fè sa jodi a, kisa jenerasyon demen ap fè?
Li lè pou nou reflechi : èske n ap kite timoun yo grandi, oswa se pou n ede yo grandi?