Bienvenue!

Travay kolektif nan fanmi ayisyen

Nan kè pep ayisyen an, gen yon richès kiltirèl ki pote l sou zepòl li depi nan tan granpapa nou . Nan mitan tout bagay sa yo, youn nan tradisyon ki kenbe fanmi yo pi dwat, ki pi solid, epi ki pi vivan, se travay kolektif la. Se sa nou rele “travay ansanm” oswa “mete tèt ansanm”. Li manifeste nan tout aspè lavi fanmi an, men li parèt pi klè nan espas lakou ak nan aktivite jaden an. Tradisyon sa a, ki te pase nan vant manman, pa sèlman gen yon gwo valè ekonomik, men li pote nan li yon valè sosyal, kiltirèl ak moral ki fè l yon gwo poto nan idantite ayisyen.

Nan anpil zòn andeyò, fanmi ayisyen an se yon antite elaji kote plizyè jenerasyon abite nan menm espas lakou a. Se nan lakou sa a travay kolektif la pran souf li. Chak moun, selon laj ak fòs li, pote kole nan aktivite chak jou yo : prepare manje a, netwaye lakou a, pran swen bèt kay yo. Se nan moman sa yo, nan patisipe nan travay la ansanm, chak manm fanmi an, depi piti, aprann sa ki vle di viv an kominote, pataje responsabilite, epi devlope yon sans solidarite pwofondè. Se lekòl lavi a kote yo aprann egzèse volonte yo, sèvi ak lòt, epi respekte valè travay.

Lè sezon an rive pou nou prepare tè a, pou nou plante oswa pou nou keyi, se yon evènman pou tout fanmi an. Yo mobilize. Granmoun, jèn gason ak jèn fi, menm timoun ki piti, patisipe chak moun selon kapasite yo. Nan jaden an, yo travay ak kè kontan ; blag, plezi ak chante. Travay di a transfòme nan yon momman kote yo pataje ak kote kominote a bati. Tradisyon sa a, ki te soutni fanmi an ekonomikman depi anpil tan, se tou yon mwayen pou transmete nan lespri timoun yo valè enpòtan tankou enpòtans travay, respè pou lanati, ak lanmou pou tè a ki se eritaj fanmi an.

Travay ansanm nan fanmi an se yon gwo fòmasyon karaktè. Li anseye disiplin, lanmou pou lòt moun, respè pou granmoun, ak sans de responsabilite. Nan mitan kouray pou yo rale yon kòd ansanm oswa pou yo pote yon chay, gen anpil ti istwa ki pase, pawòl sajès granparan yo bay, ak bonjan eksperyans lavi ki transmèt. Momman sa yo se vrè lekòl inivèsite kote jenerasyon k ap vini an aprann kiyès yo ye ak ki jan pou yo viv byen ak lòt moun.

Nan yon sosyete modèn kote endividyalis ap grandi chak jou, tradisyon travay kolektif fanmi sa yo, ki te toujou kenbe kè pep la , merite nou konsève yo ak tout fòs nou. Yo reprezante rasin solidarite nou, fondasyon moralite nou, epi yo raple nou, jou apre jou, ke tout devlopman dirab ak tout bèl avni ap pase nesesèman nan fòs tèt ansanm ak men nan men. Se pa ti sa! Se nan tradisyon sa a ke nou jwenn lespwa pou demen.

De la même catégorie