Bienvenue!

Twonpe pa anyen lè se gason men li son gro problèm le se fanm

Nan sosyete ayisyen an tankou anpil lòt kote nan mond lan  gen yon tolerans ki fèt pou konpòtman gason yo, men yo mete yon jijman sevè sou sa fanm yo fè. Sa vle di, lè yon gason gen plizyè mennaj, li wè sa kòm nòmal, pafwa menm li pran l kòm yon badj nan valè. Sosyete a ap ri, ap bat men, ap fè blag sou sa. Men lè se yon fi ki gen plizyè patnè, yo mete li anba pye: yo rele l tout non, yo pèdi respè pou li, epi yo mete etikèt sou li ki la pou rete.

Men, eske se pa menm aksyon an?
Gason ap chèche plizyè fi, fi ap gen plizyè gason. Se menm zak la, menm reyalite a: kidonk, poukisa sa ki akseptab pou yonn tounen peche pou lòt la?

Kesyon an klè, men repons lan pa janm senp. Li plen ak ipokrizi ki anrasinen nan tradisyon, nan istwa, ak nan yon sistèm patriyakal ki montre de figi. Yon figi ki souri ak apwouve pou gason, ak yon lòt ki griyen dan ak meprize pou fanm.

Se pa pou n ankouraje dezòd oswa imoralite, men pou n poze kesyon sou jistis ak ekite nan jan nou jije moun. Si nou di n ap defann dwa fanm ak dwa gason, dwa moral ak dwa sosyete, nou pa ka sèvi ak règ diferan pou menm jwèt la.

Lè moral sèvi de pwa, de mezi, li kraze fondasyon respè ak jistis. Li bay yon gwoup libète san limit epi mete yon lòt nan yon prizon jijman piblik. Sa pa ka bati yon sosyete ki an sante, kote tout moun santi yo egzalte ak respekte.

Fanm ak gason se moun. Yo gen santiman, yo fè chwa, yo fè erè. Nou pa ka mete tout presyon moral la sou zepòl fanm yo epi kite gason jwi libète san konsekans.
Chak moun gen dwa viv vi l jan l deside, byenke ak responsablite pou l pa blese lòt moun. Jijman nou a ta dwe baze sou bon jan kalite yon moun, sou respè li gen pou lòt moun, sou entegrite li, pa sou kantite patnè li gen oswa pa gen.

Tan pou n rebalanse je nou sou sa nou rele “moral”. Tan pou n chita pale sou respè, sou chwa pèsonèl, sou dwa a vi prive. Si nou vle yon sosyete ki jis, ann mete menm mezi sou tout moun, pa gen “gason se gason” pandan “fi se malpouwont”.

Ann kreye yon bagay, ki baze sou ekite ak respè mityèl.
Se sèlman lè nou idantifye ak dekonstwi ipokrizi sa yo nou ka reyèlman avanse pou tounen yon sosyete ki vreman lib ak jis pou tout sitwayen li yo, kit se gason, kit se fanm.

De la même catégorie