Lè nou sonje jan sa te ye lontan, nou reyalize gen anpil bèl koutim nou te genyen nan fanmi nou, e youn nan yo se jan paran yo te konn voye pitit yo al pase vakans. Se te yon pratik senp, natirèl, men ki te chaje valè: valè fanmi, valè solidarite, valè edikasyon, e pi wo pase tout, valè lanmou.
Depi lekol fèmen, depi vakans lan rive, te gen yon mouvman natirèl ki t ap fèt. Si yon fanmi te rete nan kapital la, yo te voye pitit yo al pase vakans lakay granparan, matant, tonton, kouzin oswa kouzin nan zòn andeyò. Konsa tou, si moun lan t ap viv an provens, se te okazyon pou yo voye pitit yo al dekouvri lavil: al wè Delma, Pòtoprens, Kafou, Petyonvil , Gonayiv, Okap, Jakmèl…
Se pa t sèlman pou detann oswa pran lè fre. Non. Se te yon fason pou pitit yo dekouvri lòt reyalite, aprann lòt jan lavi ap viv, al chèche bon jan eksperyans ki pa nan liv lekol. Se te yon opòtinite pou pitit yo fè nouvo zanmi, fè eksperyans ak travay fanmi, jwe jwèt tradisyonèl, koute granmoun rakonte istwa, e pafwa, aprann fè manje, mete dlo, okipe bèt, elatriye. Chak vakans te yon ti lekòl lavi pa li menm.
Gen moun ki toujou sonje premye fwa yo al pase vakans lakay granmanman yo nan vil Okay, Jérémie, Senmak, Bèlans, Thiotte, Ti Rivyè, Marigo… Yo sonje bon manje ki te konn fèt sou boukan, yo sonje chante griyaj la, yo sonje manje mango anba pye, jwe wòch, kache kache, ou byen moute bwa. Pou anpil timoun, se te premye fwa yo dekouvri kote paran yo soti, kote rasin yo plante, kote fanmi yo ap viv.
Sa te tou yon bèl balans pou fanmi yo. Pandan paran t ap respire yon ti jan, timoun yo t ap jwi vakans, epi relasyon fanmi t ap vin pi solid. Se konsa granmoun te vin pi pre ak pitit pitit yo, e fanmiy te toujou rete tache, malgre distans.
Malerezman, ak insekerite, chanjman ekonomik, ak modènizasyon lavi, tradisyon sa a vin fennen piti piti. Gen paran ki pè voye pitit yo ale. Gen lòt ki pa gen mwayen pou fè vwayaj la posib. Men, sa pa vle di tradisyon sa pa gen valè ankò.
Se pou sa, li enpòtan pou n sonje bèl tan sa yo, e si posib, reviv yo, bay pitit nou chans pou yo pa viv sèlman sou rezo sosyal, men tou nan reyalite fanmi. Paske fanmiy, se pa sèlman san ki koule nan venn nou — se tou memwa, istwa, ak tout ti moman sa yo ki fòme nou.
Vakans lontan pa t jis repo — se te yon lekòl kè ak lespri. Se te tan lanmou, tan fanmiy, tan koneksyon. Nou ta gen anpil pou nou reprann si nou t ap remete tradisyon sa sou pye.