Pandan anpil moun wè vakans kòm yon moman repo total, li enpòtan pou nou reflechi sou ki jan timoun nou yo ka tire benefis de sezon sa a san yo pa gaspiye tout tan yo ap dòmi, jwe sou telefòn oswa flannen san objektif. Se pa paske pa gen klas chak jou aprantisaj la sispann. Okontrè, vakans lan se yon bèl opòtinite pou devlope lòt kapasite, aprann lòt bagay ki pa nesesèman bay nòt nan yon kaye men ki enpòtan pou lavi.
Gen timoun ki pase tout jounen yo sou TikTok, Facebook, oswa dèyè televizyon. Paran yo, se pou nou poze tèt nou kesyon : kisa pitit mwen ap aprann pandan jounen li yo? Kisa li ap devlope nan tèt li? Eske m ap ba li zouti pou li vin yon sitwayen itil pou tèt li ak pou sosyete a? Si nou renmen pitit nou, se pa sèlman mete rad sou li, ba li manje, men se tou prepare li pou li fè fas ak lavi. Yon timoun ki aprann yon metye, ki dekouvri yon pasyon, ki pran gou nan lekti oswa mizik pandan vakans, se yon timoun ki ap devlope plis sekirite nan tèt li.
Vakans pa vle di sispann devlope. Timoun yo ka aprann desen, mizik, kouti, enfomatik, lang etranje, oswa menm patisipe nan aktivite volontarya pou ede kominote yo. Se pa nesesèman yon kesyon de lajan, men de volonte ak vizyon. Gen anpil inisyativ lokal, atelye gratis oswa espas kote jèn yo ka aprann san gran depans. Paran ki vle, ka toujou jwenn yon fason pou mete pitit yo sou bon chimen.
Li enpòtan tou pou nou pa neglije aspè moral ak sivik nan edikasyon timoun nou yo. Pandan vakans, nou ka pran tan pou pale avè yo sou valè tankou respè, onètete, konpasyon, lanmou pou peyi, ak enpòtans pou kontribye nan devlopman sosyete a. Se pa lè lekòl rekòmanse sèlman pou nou panse a lavni yo. Se chak jou, chak aksyon, chak moman nou pase avè yo ki konte.
Se vre, timoun yo bezwen jwe, yo bezwen rale souf yo. Men, jwe sèlman pa sifi. Se nou, paran, ki gen devwa pou nou mete balans lan. Olye nou kite pitit nou pase tout vakans lan san okenn aktivite ki konstwi yo, ann chèche fason pou mete yo sou wout aprantisaj, menm si se pa lekòl tradisyonèl. Se konsa nou ka ede yo grandi ak diyite, fòs ak vizyon. Paske chak vakans se yon opòtinite pou bati yon jenerasyon ki va ka leve tèt peyi sa demen.
