Bienvenue!

Yon patriyòt se yon moun ki aji ak konsyans

Gen anpil moun k’ap di yo renmen Ayiti, men lè ou gade jan yo konpòte yo chak jou, ou wè yo pa gen respè ni pou peyi a ni pou lòt Ayisyen. Renmen peyi w, se pa sèlman chante bèl pawòl sou li, se montre l’ nan aksyon w chak jou.

Yon vrè patriyòt se moun ki konprann Ayiti, se pa sèlman yon moso tè, se tou tout frè ak sè li yo ki ap viv sou li. Si ou di ou renmen Ayiti men ou meprize lòt Ayisyen, si ou trayi yo, si ou malmennen yo, ou pa yon patriyòt. Renmen Ayiti vle di mete w kole ak tout pitit li yo pou nou avanse ansanm.

Se nan ti bagay chak jou nou wè si yon moun gen lanmou pou peyi l’. Lè ou respekte lari a, ou pa sal li ak fatra, ou pa pipi sou li, ou deja montre ou gen konsiderasyon pou espas kote tout moun ap viv. Si ou aji ak respè ak lòt Ayisyen, si ou pa chèche malmennen yo, vòlè yo, trayi yo, ou deja sou bon chimen.

Yon patriyòt pa sezi chita ap plenyen sou mal Ayiti, li chèche fè sa l kapab pou li amelyore l. Se pa paske gen koripsyon, gen ensekirite, gen move bagay k’ap fèt, ke w dwe vin ajoute pa w. Si w vle yon Ayiti miyò, ou dwe kòmanse ak pwòp aksyon pa w.

Renmen Ayiti se pa yon mo, se yon aksyon. Se chak jou ou dwe mete l an pratik. Se lè ou wè tout Ayisyen tankou frè ak sè w, se lè ou respekte espas kote nou ap viv la, se lè ou mete tout efò w pou Ayiti mache pi byen. Sinon, ou ka rele tèt ou sa ou vle, men ou pa yon patriyòt.

De la même catégorie