Bienvenue!

Yon timoun adopte merite limyè, pa lonbraj

Nan kèk fanmi, espesyalman kote enfliyans tradisyonèl yo toujou fò, gen paran adoptif ki chwazi kenbe orijin reyèl timoun yo anba silans. Nan je yo, sa se yon fason pou evite l rankontre doulè, santiman rejè oswa twoub emosyonèl ki ta ka make l. Men, èske chwa sa a vrèman sèvi enterè timoun nan?

Adopsyon se yon angajman ki mande plis pase swen materyèl. Li mande lanmou, sekirite, epi sitou, onètete. Lè orijin yon timoun rete kache, li ka grandi ak yon twou nan idantite li, yon santiman  li pa totalman “alafwa lakay li” ni “nan plas li”. Silans sa ka tou mennen nan difikilte pou li fè konfyans oswa pou li devlope yon bon relasyon ak tèt li menm.

Lè verite a parèt pi ta pafwa nan yon diskisyon inosan oswa atravè yon moun deyò fanmi an chòk la ka pi gwo. Timoun nan ka santi yo trayil , paske enfòmasyon ki ta dwe soti nan men moun li pi fè konfyans yo li pa te jan m jwenn li.

Gen fason ki natirèl  pou entegre istwa orijin yon timoun nan lavi li depi li piti, lè l ap aprann konprann mond lan. Pa nesesè fòse oswa bay tout detay yon sèl kou, men mete verite a prezan nan ti fragman ki adapte ak laj li. Sa ede l grandi sou yon fondasyon solid kote lanmou pa konn manti.

Adopsyon pa janm dwe wè kòm yon tach sou istwa yon moun. O kontrè, se yon temwayaj sou kapasite pou bay afeksyon ak sekirite san kondisyon. Lè verite a mache men nan men ak lanmou, fanmi an vin pi ini, ak konfyans lan vin pi pwofon. Silans la, menm si li fèt ak bon entansyon, souvan pote plis risk pase pwoteksyon.

De la même catégorie