Tradisyon fanmi

Lontan, manman an Ayiti yo te montre pitit gason yo fè manje. Anpil fwa, lè y ap fè manje yo te egzije pitit gason yo rete nan kizin nan pou swiv tout bagay. Pafwa yo fè pitit gason yo graje kokoye, kenbe vyann, pile epis epi menm netwaye vyann.

Fanmi ki gen plizyè pitit yo konn fè pwogramasyon pou defini chak jou ki timoun k ap gen pou kwit manje. Kòm rezilta : lè mesye yo konstwi fwaye pa yo, yo konn ede madanm yo fè manje, konsa gen plis filing nan kay la. Lè madanm yo malad osinon yo pa disponib, mesye yo fè manje. Nou plis konprann enpòtans travay sa lè mesye yo ale nan peyi etranje.

Èske manman yo toujou montre pitit gason yo fè manje ?

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *