Tradisyon fanmi
Nan tan lontan, sitou nan peryòd fèt Pak, granmoun kou timoun te konn monte kap.
Syèl la te konn dekore ak kap. Se te tout timoun ak anpil jèn gason ata menm jèn fanm te konn pran plezi nan monte kap.
Se te yon trandisyon an menm tan tou se te yon distraksyon. Sa pat janm fè paran yo ni cho ni frèt paske yo pat gen okenn pwoblèm pou pitit yo monte kap.
E kounye a?
Èske w kite pitit ou monte kap?