
Culture
Kijan epi ki kote vodouyizan lapriyè ?
Lè nou pale de lapriyè, anpil moun imajine yon liv pawòl ki deja ekri, yon lis fraz ki repete menm jan ak tout moun. Men nan vodou, sa pa fèt konsa. Vodouyizan pa resite pawòl tou pare, yo pa fè lapriyè mekanik. Pou yo, lapriyè se yon dyalòg vivan ak fòs ki sou latè ak nan linivè a.

