Enstriksyon sivik ak moral
Lekòl se yon enstitisyon ki la pou fòme pitit ou, se sak fè li tap pi bon si ou menm paran ou devlope bon jan rapò ak lekòl pitit ou ladan l lan. Li pa fè sans pou w nan kanpe joure devan baryè lekòl la akòz direksyon an pata kite pitit ou konpoze pou lajan. Ni ou, ni manm direksyon yo dwe pale tankou moun responsab.