Enstriksyon sivik ak moral
Anpil elèv pran plezi nan derespekte profesè lekòl yo. Poutan, yo bliye si pwofesè yo se yo menm ki reprezante paran yo pandan yo lekòl la.
Ou menm kòm elèv, ou dwe respekte pwofesè lekòl yo. Se yo menm ki la pou ba w endikasyon, bon jan pen lenstriksyon. Se yo menm ki gide w e kontribye nan sa w gen pou w ye nan avni w. Pa bliye ou pase plis tan ak pwofesè lekòl yo ke menm paran w yo.
An n respekte pwofesè lekòl yo pa aji mal ak yo, pa fè zak vyolans sou yo !