Lanmou pou youn lòt, se lè nou chwazi respekte, koute, ede epi soutni frè ak sè nou, menm lè lavi pa fasil. Se kolaborasyon, se solidarite, se bati ansanm.
Lanmou pou tèt nou, se pran swen sante nou, rèv nou ak limit nou. Se aprann di non lè sa nesesè, epi di wi ak sa ki fè nou grandi. San lanmou pou tèt nou, nou pa ka bay lanmou vre.
Lanmou pou peyi nou, se angajman. Se pa sèlman pale de Ayiti, men travay chak jou pou chanje li, pwoteje li, leve imaj li epi prepare avni li.
Lanmou se yon chwa.
Lanmou se aksyon.
Lanmou se fondasyon pou yon sosyete ki vle avanse.























