Souverènte nasyonal se fondasyon ki soutni tout aspè gouvènans yon nasyon. Li se prensip ki garanti pouvwa yon peyi se pou tout sitwayen li yo. Sa vle di desizyon politik yo dwe soti nan volonte kolektif pèp la, olye yo sòti nan men yon sèl moun oswa yon gwoup espesifik.
Nan yon sistèm demokratik, patisipasyon chak sitwayen esansyèl. Patisipasyon sa a pèmèt yo kontribye nan desizyon ki afekte lavi yo, sa ki fè souverènte a tounen yon responsablite kolektif.
Konstitisyon an se lwa ki pi wo nan yon nasyon. Li defini estrikti gouvènman an epi li etabli règ ki gide fonksyònman enstitisyon yo. An Ayiti, Konstitisyon 1987 la se kad legal ki regle administrasyon piblik la. Li garanti dwa politik tout sitwayen yo, sa ki esansyèl pou devlopman yon sosyete ki respekte prensip demokratik yo.
Konstitisyon an pwoteje libète ak dwa chak sitwayen, epi li kreye yon espas kote tout moun ka angaje yo nan pwosesis demokratik la.
Sitwayen yo egzèse souverènte yo atravè vòt. Yo gen dwa eli Prezidan Repiblik la, manm branch lejislatif la — depite ak senatè — ansanm ak lòt enstitisyon lalwa prevwa. Vòt la se yon mekanis kle ki asire chwa sitwayen yo respekte.
Yon lòt fason sitwayen yo ka patisipe dirèkteman se atravè referandòm, ki ba yo opòtinite pou reponn kestyon enpòtan sou lwa oswa sou chanjman nan Konstitisyon an.
Sitwayen yo delege pouvwa a bay twa branch gouvènman an:
Branch Lejislatif la: Kreye lwa.Branch Egzekitif la: Aplike lwa yo.Branch Jidisyè a: Administre lajistis.
Souverènte nasyonal mande yon respè kontinyèl pou patisipasyon aktif tout sitwayen. Sa asire yon gouvènans efikas, jis, epi responsab.
Souverènte nasyonal pa sèlman pwoteje dwa sitwayen yo; li ankouraje angajman aktif nan lavi demokratik la. Se atravè kolaborasyon ak patisipasyon tout moun yon sosyete ka fonksyone kote chak sitwayen gen vwa ak pouvwa.
Pierre Wilkenson Frédérique
























