
Instruction Civique et Moral
Ki wòl Palman an ?
Nan yon demokrasi tankou Ayiti, pèp la pa sèlman vote pou chwazi moun k ap dirije peyi a. Li chwazi tou moun ki dwe pale nan non li, defann enterè li epi kontwole fason pouvwa egzekitif la ap fonksyone. Se youn nan prensipal misyon Palman an. Men, ki sa Palman an ye egzakteman? Ki wòl depite ak senatè yo genyen? E kisa sitwayen yo gen dwa atann de reprezantan yo ?
