Nan sosyete Ayisyèn nan, anpil moun dakò se yon bagay nòmal lè yon nèg gen plizyè fanm.
Souvan, nou konn tande gason yo k ap pale avèk fyète, sou kantite fanm yo genyen alafwa, sa ki rann dèfwa si yon gason chwazi gen yon sèl fanm, li konn jwenn moun ap di l se mawozo.
Yon lòt bò, anpil gason fè konnen, yon fanm ki bon dwe gen yon sèl mennaj, si se pa sa li se yon « bouzen ». Anpil fwa sa pa deranje kèk paran lè pitit gason yo gen plizyè fanm, genyen ki menm konn fè lwanj pou yo di pitit yo a se gwo jènjan. Poutan, menm paran sa yo, konn menm entèdi pitit fi yo renmen, alevwa pou yo ta gen plizyè gason.
Li pa nòmal pou sosyete a wè gason an tankou Yon moun lib ki ka deside kouman l ap jere vi santimantal li, yon lòt kote pou menm sosyete sa deside bay medam yo non pote lè yo deside libere yo anba yon bann entèdi. Sosyete a paka gen fòs kote, li dwe ofri tout moun, fi kou gason menm dwa, k ap pèmèt yo chwazi sak bon pou yo, sak fè yo plezi depi yo pa vyole lalwa.
Menm jan yon gason lib pou l fè sa l vle depi l pa vyole lalwa. Medam yo dwe yo menm kapab deside fè sa yo vle ak vi yo depi yo pa vyole lalwa.