Akoz popilasyon sivil la k ap sibi tout fòm vyolans anba men gwoup gang yo, kantite moun ki deplase yo vin pi plis nan peyi Dayiti. Pwogram alimantè mondyal nasyonzini (PAM), mande pou ajans imanitè yo jwenn wout pou yo pase, li mande pou yo sikile san pwoblèm nan lide pou manje ak lòt pwodwi yo rive jwenn deplase yo, yon fason pou anpeche yo tonbe nan ensekirite alimantè ki deja reprezante yon katastastwòf.
Yon lòt bò, PAM kontinye bay asistans manje yo an ijans an Ayiti, nan tèt kole ak pwogram ki la pou konbat pwoblèm ki lakoz grangou yo. Nan dènye tan say o, ogmantasyon vyolans yo te anpeche òganizasyon nasyonzini ede 370,000 Ayisyen k ap fè fas kare ak ensekirite alimantè depi kòmansman mwa fevriye a. Kounye a, 44% Ayisyen nan pwoblèm ensekirite alimantè men tou ap lite pou bay fanmi yo manje.
Fòk nou soulinye, timoun yo se gwoup moun ki pi afekte nan dènye vag vyolans sa yo, sa ki lakoz anpil lekòl fèmen semèn pase yo, prèske 300,000 elèv lekòl pa jwenn aksè ak manje Program alimantè mondyal founi nan lekòl yo, nan kad pwogram kantin eskolè a.
Nan Pòtoprens, PAM pa t kapab bay pou pi piti 56,000 moun nan katye Site Solèy , ni manje nan kwizin santral yo ki te la pou moun ki te deplase dènyèman yo.
Nan tèt kole ak ministè Afè sosyal ak travay, PAM kontinye asiste fanmi ki pi vilnerab yo nan depatman Grandans atravè pwogram rezo sekirite sosyal li a, pou depoze lajan sou kont moun sou telefòn yo.
PAM vize asiste 2.4 milyon moun pou lane 2024 la gras ak èd ijans, lajan kach ak pwodui alimantè depi sekirite a pèmèt sa.
Ulrika Richardson, Kwòdonatè imanitè nasyonzini an Ayiti, kondane zak vyolans yo k ap ogmante plis nan kapital la, li ensiste pou yo pwoteje sivil ak enfrastrikti yo. Men tou, Imanitè yo dwe gen aksè san pwoblèm ak moun ki nan bezwen yo.






















