Patriyotis: Plis Pase Yon Pawòl, Yon Aksyon

 Patriyotis: Plis Pase Yon Pawòl, Yon Aksyon

Nan yon sosyete kote mo « patriyotis » vin tounen yon tèm popilè, li enpòtan pou n konprann patriyotism lan pa limite ak deklarasyon vèbal. Ou ka di  ou renmen peyi ou, ou ka chante im nasyonal la ak fyète, men èske sa sifi pou montre  ou vrèman patriyotik? Se pa sèlman nan bouch ou ta dwe dil, men nan aksyon w ap fè chak jou.

Yon moun ki patriyotik montre sa nan fason li viv ak kontribye nan avansman peyi l. Sa vle di angaje w nan devlopman kominote ou, respekte lwa peyi a, epi pote yon kontribisyon nan konstriksyon yon sosyete ki pi pwospere ak jis. Yon bon sitwayen ap toujou chèche kòman li ka fè lavi pi bèl pou tout moun alantou l, nan nenpòt sitiyasyon an.

Patriyotik pa vle di mete enterè pèsonèl anvan. Okontrè, yon patriyòt vrèman konsyan enterè peyi l dwe pase anvan tout lòt bagay. Sa vle di batay kont koripsyon, denonse enjistis, epi pote yon responsabilite nan pwoteje byen piblik, menm si sa vle di fè sakrifis pèsonèl. Se nan aksyon tankou pwoteje anviwònman, ankouraje respè pou dwa moun, epi patisipe nan devlopman sosyal  yon moun montre vrè patriyotism li.

Si w renmen peyi w, ou montre l nan aksyon volontè. Nan yon peyi tankou Ayiti, kote anpil moun ap lite pou jwenn bon jan sèvis sosyal, kontribisyon nan kominote a ka pran plizyè fòm. se nan edikasyon, nan ede timoun, oubyen nan pwogram devlopman ekonomik, chak moun ki kontribye ap viv pati patriyotis yo nan lavi chak jou. Se pa ti bagay yo ki konte, se angajman w pou chanje bagay yo pou pi bon ki make yon vrè patriyòt.

Patriyotism tou enplike rete atache ak valè ak tradisyon peyi w pandan ou respekte tout sitwayen, malgre diferan opinyon oswa orijin. Se renmen eritaj ou, pwoteje kilti ou, epi chèche enspire pwochen jenerasyon yo ak bon egzanp.

Vrè patriyotism se yon balans ant pawòl ak aksyon. Li fasil pou di « M renmen peyi m, » men pi difisil pou leve kanpe epi fè sakrifis ki nesesè pou amelyore lavi sitwayen yo ak devlopman peyi a. Se nan travay chak jou, nan renmen peyi w malgre tout difikilte, epi nan angajman pou yon pi bon demen w ap prouve w se yon patriyòt.