Evite kreye pwoblèm kote ki pa genyen
Nan lavi chak jou, nou tout ka jwenn nou nan sitiyasyon kote nou santi yon moun manke nou dega, li pa reponn nou jan nou swete, oswa li gen yon konpòtman ki pa fè nou plezi. Li fasil pou nou pran sa pèsonèl epi reponn ak emosyon, men èske sa merite? Anpil fwa, sa nou panse ki yon pwoblèm se petèt yon bagay ki pa gen anyen pou wè ak nou.
Nou dwe aprann pran distans ak sitiyasyon ki ka lakòz konfli, paske pa gen okenn benefis nan chèche pwoblèm kote ki pa genyen. Gen moun ki ka gen yon move jou, ki ka gen tèt chaje, oswa ki ka pase yon move moman. Si nou pran tout bagay kòm yon atak pèsonèl, nou ka kreye lènmi san rezon epi ajoute plis estrès nan lavi nou.
Konprann sa pa vle di nou dwe tolere mank de respè, men li enpòtan pou nou reflechi anvan nou reyaji. Eske se yon bagay ki vo diskisyon? Eske li pa ta pi saj pou nou bay moun nan espas li olye nou ajoute plis chofe nan sitiyasyon an? Twòp fwa, nou wè moun tonbe nan konfli pou ti bagay ki ta ka evite si yo te gen plis pasyans ak konpreyansyon.
Nan moman difisil yo, kote tout moun gen pwòp chay yo pou pote, li enpòtan pou nou aprann mete tèt nou nan plas lòt moun epi pa toujou panse negatif. Lè nou evite panse negatif, nou sove tèt nou nan estrès ak kè sote ki pa nesesè. Olye nou fache oswa nou reponn ak agresivite, ann chèche konprann, ann pratike pasyans epi mete lapè anvan tout bagay. Sa ap ede nou viv pi byen, gen plis amoni ak moun ki bò kote nou, epi evite kreye pwoblèm kote ki pa genyen.