Kreye an 2014, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) se enstitisyon ofisyèl ki responsab pou pwomosyon, regilasyon ak valorizasyon kreyòl ayisyen an, lang manman majorite Ayisyen yo. Enspire pa atik Konstitisyon 1987 la, AKA reprezante yon pwojè pou rekonesans ak nòmalizasyon lengwistik, men chemen li toujou ap pote espwa ansanm ak debat kritik.
Ide pou kreye yon akademi pou kreyòl la soti nan Konstitisyon Ayiti 1987, ki prevwa pwomosyon ak regilasyon lang nasyonal la. Sepandan, se sèlman an 2014 AKA te kreye ofisyèlman nan Pòtoprens, apre plizyè ane konsiltasyon ant inivèsite, enstitisyon piblik, aktè prive ak manm sosyete sivil la. Premye gwoup akademisyen yo te gen 33 manm ki te responsab defini oryantasyon enstitisyon an.
AKA gen pou misyon prensipal pou pwomote kreyòl ayisyen an nan tout dimansyon li yo. Li devlope gramè, diksyonè ak leksik, nòmalize òtograf epi kodifye itilizasyon lang lan. Li ankouraje itilizasyon kreyòl nan lekòl, administrasyon ak dokiman ofisyèl. Akademi a sipòte tou literati, liv lekti ak travay syantifik an kreyòl, pandan li veye pou lang manman Ayisyen yo respekte kòm yon zouti pou jwenn enfòmasyon ak edikasyon. Konsa, AKA konparab nan lide ak enstitisyon tankou Akademi Franse, men adapte ak kontèks ayisyen ak kreyolofòn.
Depi kreyasyon li, AKA te lanse plizyè inisyativ, tankou estandadizasyon òtograf kreyòl la ak rekòmandasyon ki pibliye an 2017, òganizasyon evènman kiltirèl ak lengwistik tankou Jounen Entènasyonal Lang Manman, epi ankouraje piblikasyon liv ak dokiman an kreyòl pou ranfòse itilizasyon ofisyèl ak edikatif lang lan. Tout aksyon sa yo vize bay kreyòl yon plas enstitisyonèl ak sosyal ki te limite nan administrasyon, edikasyon ak pwodiksyon entelektyèl.
Malgre anbisyon li, AKA fè fas ak plizyè kritik. Ant 2014 ak 2024, akademi a pibliye kèk ti travay syantifik nan domèn lengwistik, didaktik oswa leksikografi. Gen obsèvatè ki panse enstitisyon an plis ap pwodui diskou ak deklarasyon ak yon enpak limite sou teren an. Pa gen okenn liv ofisyèl ki fèt pa AKA ki adopte nan lekòl yo, epi absans rapò piblik oswa endikatè mezire fè li difisil pou evalye efikasite li. Limit sa yo montre diferans ki genyen ant anbisyon enstitisyonèl ak reyalite pratik, epi yo alimante deba sou efikasite aktyèl akademi an.
Malgre kritik sa yo, AKA rete yon enstitisyon estratejik pou lavni kreyòl la. Li kontribye nan afimasyon kiltirèl ak idantite Ayisyen yo, fasilite demokratizasyon edikasyon ak aksè a enfòmasyon pa valorizasyon lang manman an, epi li ofri yon kad pou pwodiksyon entelektyèl an kreyòl, ki esansyèl pou ekriven, chèchè ak pwofesè. Pou akademi a ka vrèman chanje sitiyasyon an, li bezwen ranfòse kapasite operasyonèl li, pwodiksyon syantifik li, ak enpak konkrè li nan edikasyon ak administrasyon.
Akademi Kreyòl Ayisyen reprezante yon pari enpòtan pou lang ak idantite Ayisyen yo. Li senbolize dwa pou rekonèt ak valorize kreyòl la, pandan li soulve kesyon sou aplikasyon pratik politik lengwistik yo. Siksè AKA pral depann de kapasite li pou pase soti nan senbolik pou rive nan aksyon konkrèt : soti nan egzistans enstitisyonèl sèlman pou rive jwe yon wòl reyèl nan edikasyon, administrasyon ak kilti ayisyen






















