Éske w pale ak pitit ou de gran paran li yo?
TRADISYON FANMI
Nou chak moun k ap viv, nou se desandan 8 gran paran, sa vle di 4 koup, papa ak manman 4 gran paran nou yo. Gen kèk moun ki gen chans pou yo vrèman konnen 8 gran paran yo pandan lavi yo. Men gen lòt ki pa janm gen chans konn figi grann yo ak gran papa yo, ni bò kot manman ni bò kot papa yo. Se sèlman timoun ki sòti nan fanmi kote manman yo ak papa yo fè yo nan yon laj byen bone, ki konnen zansèt yo oswa menm viv avèk yo pandan plizyè ane.
Pou timoun ki pa gentan konn gran paran yo, anpil fanmi konn pran ti tan pale yo de gran paran yo. E genyen ki konn menm montre timoun yo foto yo. Di yo ki jan de moun yo te ye, epi rakonte yo bèl eksperyans yo te viv ak gran paran yo.
E ou menm ? Éske w toujou pale ak timoun ou yo de gran paran yo ou byen de gran gran paran yo ?