Konsèy granmoun pou konbat ak lavichè
Eksperyans granmoun nan se tèt li. Konsèy granmoun bon pou tout kòz : remèd pou maladi, foli damou, lavichè… Paske y ap batay ak lavichè lontan, paske yo aprann devlope taktik kont lavichè, konsèy granmoun ka itil ou nan moman sa a. Pou konbat lavichè, granmoun konseye fè pwovisyon angwo.
« Mwen menm, depi kòb tonbe nan men m, m achte tout sa k ka konsève angwo. M pito sere manje olye m sere lajan. Paske chak jou bagay monte, epi lajan ap pèdi valè », Lucienne, 82 zan di.
E ou menm, ki taktik ou anplwaye ?