LJ Sports 5 live
Olympique Lyon 0 – 0 Le Havre Live

Ki wòl Palman an ?

Nan yon demokrasi tankou Ayiti, pèp la pa sèlman vote pou chwazi moun k ap dirije peyi a. Li chwazi tou moun ki dwe pale nan non li, defann enterè li epi kontwole fason pouvwa egzekitif la ap fonksyone. Se youn nan prensipal misyon Palman an. Men, ki sa Palman an ye egzakteman? Ki wòl depite ak senatè yo genyen? E kisa sitwayen yo gen dwa atann de reprezantan yo ?

Nan seri « Ki wòl reprezantan nou yo ? », li enpòtan pou sitwayen yo konprann fonksyon enstitisyon yo ak responsablite moun yo eli pou reprezante yo. Palman an se youn nan enstitisyon ki nan mitan fonksyònman yon Leta demokratik.

Palman an se enstitisyon ki reprezante pèp la nan egzèsis pouvwa lejislatif la. Nan sistèm politik ayisyen an, pouvwa lejislatif la se youn nan twa gwo pouvwa Leta yo, ansanm ak pouvwa egzekitif ak pouvwa jidisyè an.

Tradisyonèlman, Palman an gen misyon pou fè lwa, vote bidjè nasyonal la epi egzèse kontwòl sou aksyon gouvènman an.

Sa vle di yon palmantè pa sèlman yon moun ki la pou patisipe nan reyinyon oswa vote sou pwojè lwa. Li gen yon manda piblik ki mande pou li reprezante sitwayen yo, pote pwoblèm yo devan enstitisyon Leta yo epi travay pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an.

Youn nan premye wòl Palman an se patisipe nan elaborasyon ak adopsyon lwa yo.

Lwa yo fikse règ ki dwe òganize lavi nan sosyete a. Yo kapab konsène edikasyon, sante, agrikilti, ekonomi, sekirite, anviwònman, jistis, travay ak anpil lòt domèn.

Depite ak senatè yo gen responsabilite pou egzamine pwojè oswa pwopozisyon lwa yo, diskite sou yo, pote amandman epi vote sou yo.

Se poutèt sa, travay yon palmantè pa dwe fèt sèlman nan enterè yon gwoup moun oswa yon kominote patikilye. Lè yon palmantè ap vote yon lwa, desizyon li ka gen konsekans sou tout peyi a.

Palman an gen yon lòt fonksyon ki enpòtan anpil : kontwòl pouvwa egzekitif la.

Nan yon demokrasi, moun ki nan gouvènman an pa dwe gen pouvwa san limit. Gen enstitisyon ki dwe verifye fason yo itilize pouvwa ak lajan piblik la.

Pandan manda yo, palmantè yo ka poze kesyon sou aksyon gouvènman an, mande eksplikasyon sou desizyon li pran epi egzamine fason resous piblik yo ap jere.

Kontwòl sa a enpòtan paske lajan Leta se lajan kontribyab yo. Sitwayen yo gen dwa konnen kijan resous peyi a ap itilize ak ki rezilta yo pwodui.

Palman an jwe yon wòl enpòtan tou nan pwosesis bidjè nasyonal la. Bidjè Leta a se youn nan zouti ki montre ki jan gouvènman an prevwa ranmase epi depanse lajan piblik la.

Lè palmantè yo egzamine bidjè a, yo dwe poze kesyon sou priyorite peyi a : konbyen lajan ki prevwa pou lekòl ? Pou lopital ? Pou agrikilti ? Pou wout ? Pou enfrastrikti ? Pou sèvis piblik yo ?

Se yon responsabilite ki mande konpetans, vijilans ak sans enterè jeneral. Mo « reprezantan » an gen anpil enpòtans.

Yon palmantè eli pou reprezante popilasyon an. Sa vle di li dwe rete an kontak ak elektè yo, koute pwoblèm yo epi pote enkyetid yo nan espas kote desizyon nasyonal yo ap pran.

Men, reprezante yon depatman oswa yon komin pa vle di defann sèlman enterè zòn sa a. Palmantè a dwe chèche konpwomi ant enterè elektè li yo ak enterè jeneral peyi a.

Se poutèt sa, yon bon reprezantan pa ta dwe sonje elektè li yo sèlman lè eleksyon ap pwoche. Palmantè a pa majistra, minis oswa direktè. 

Yon konfizyon rive souvan nan fason kèk sitwayen konprann wòl palmantè yo. Yon depite oswa yon senatè pa yon minis, pa yon majistra epi li pa yon direktè depatmantal. Travay li pa konsiste sitou nan egzekite pwojè oswa bay sèvis administratif.

Lè yon palmantè ap mande pou yon lekòl konstwi, pou yon wout repare oswa pou yon lopital jwenn plis ekipman, li ka defann bezwen sa yo epi fè pledwari bò kote otorite ki konsène yo. Men, ekzekisyon pwojè piblik yo antre sitou nan responsablite pouvwa egzekitif ak administrasyon Leta.

Konprann diferans sa a enpòtan pou sitwayen yo konnen egzakteman sa yo dwe mande reprezantan yo.

E lè palmantè yo pa fè travay yo?Yon demokrasi pa fonksyone sèlman ak eleksyon. Li bezwen sitwayen ki suiv travay moun yo bay manda.

Elektè yo gen dwa mande : ki lwa reprezantan mwen an te patisipe nan vote ? Ki pozisyon li pran sou gwo dosye peyi a ? Èske li patisipe nan travay enstitisyon an ? Èske li defann enterè popilasyon an ? Èske li rann kont sou travay li ?

Kesyon sa yo pa kesyon pou fè politik sèlman. Se kesyon sitwayènte. Yon reprezantan eli ak vòt pèp la dwe rann kont bay pèp la.

Palman an se pou pèp la. Palman an pa ta dwe konsidere kòm yon espas ki lwen reyalite popilasyon an. Pwoblèm sitwayen yo dwe jwenn yon plas nan deba nasyonal la.

Lè yon peyizan pa jwenn sipò pou pwodiksyon li, lè yon jèn pa jwenn aksè ak fòmasyon, lè yon fanmi pa jwenn sèvis sante apwopriye oswa lè yon kominote ap soufri akoz move enfrastrikti, kesyon sa yo ka vin sijè deba ak aksyon politik.

Se la enpòtans yon Palman ki vrèman konekte ak popilasyon an parèt.

Epi, ki wòl sitwayen an?

Si palmantè yo gen responsablite, sitwayen yo genyen pa yo tou. Sitwayen an pa dwe tann jou eleksyon sèlman pou li enterese nan travay reprezantan li yo. Li kapab chèche enfòmasyon, patisipe nan deba piblik, poze kesyon epi egzije transparans.

Paske demokrasi pa vle di sèlman chwazi reprezantan. Li vle di tou suiv yo, evalye yo epi mande yo rann kont.

Nan yon peyi kote anpil moun konn mande : « Kisa depite a oswa senatè a ka fè pou mwen ? », yon lòt kesyon ta dwe poze tou : « Kisa reprezantan mwen an ap fè pou defann enterè tout moun li reprezante yo ?».

Se lè sitwayen yo konprann wòl Palman an ak limit li, epi lè yo kòmanse mande plis kont nan men moun yo eli yo, demokrasi ka vin pi solid.

Palman an se pa sèlman yon kote yo vote lwa. Se youn nan espas kote volonte pèp la dwe jwenn vwa li.

Partager l'article

https://letemoinhaiti.com/ki-wol-palman-an/

Newsletter

Restez informé

Recevez les dernières actualités directement dans votre boîte mail.